Monday, October 02, 2006

TANBOU

Depi matisan sèt
ou pran m pede trennen m
sepa menm fètchanpèt
lage m m tounen tounen m

Ou pran m mennen m kafou
m pa menm gen kòb machi n
aprè dans tanbou lou
kata pa gen ranki n ...

depi w tande w frape
se pran m mete abò
fe` ren m ap ranmase
tout zen ki gen sou fò

Ou pa bezwen konnen
si m fè devwa m deja
se pran m lakou mouzen
lage m lakou breya

Anpasan w sou granri
pou w bay palè ochan
fè moun fè w bann zanmi
nan w tan ki pa pran tan ...

Si w fè legliz radye m
ma p nye w pou tout lavi m
menmkan depi w rele m
se pou m vini vini m.

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, FEVRIYE 2001, AYITI

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.