Friday, January 19, 2007

Tanpri

Chak tan m gade w kap ri
Mwen wè Jezi tou pi
Banm yon ti ri cheri
Pou w ka fe kè m souri

Chak tan m tande w pale
Wa di m we bren bondye
Di m yon ti mo souple
Pou nanm mwen voltije

Chak tan m gade w chouchou
Wa di m sòti pou m fou
Yon ti je dou doudou
Pou m ka di viv damou

Chak tan m rete m gade w
Tout bon m vle kourone w
Tanpri mare m pi pre w
Pou je m pa janm kite w

Chak tan gade w manman
Tout plim sou po m kontan
Ban m yon ti ri joudlan
Yon ri miyan miyan .

Frantz Le beau

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.