Saturday, March 22, 2008

Pyès teyat pou fèt dè mè

Ralemennenkase byen pre pa vle di rive lè w timoun mande kalalou gonbo cho ou bali'l nan plan men l. Se konsa frè Dezilòm ak Miralya ta p viv ak pitit gason yo Andris nan yon zòn ki te tou kole ak Woustè. Se konsa nan fè kòlè tout lasentjounen ak tibononm lan de moun about ak maladi ki sòti pou wonje yo men kòm leplisouvan se fi a ki atake pi di nan sitiyasyon sa yo se konsa Miralya ki te potomitan, bourik ki pa janm pran souf la tonbe malad e dòktè te blije mande pou l pase dezoutwa jou lopital kote se frè Dezilòm ki vi n gen chay kay la sètadi zafè monte chòdye, zafè netwaye kay, zafè fè londjwi, zafè prepare ti bononm lan pou lekol. Ah ! pou byen di nou bagay la pa t fasil ditou pou frè Dezilòm. Annou gade kouman sa te pase.



Dezilòm : Andris leve non se 7 è li bwa l fè wi pitit mwen.

Andris : Dad, kite m fè yon dòmi toujou pou 5 minit.

Dezilòm : Pou 5 minit enben a kilè lekòl la fè antre alèkile ? leve non monchè !
leve leve leve se gason ou ye monchè

Andris : ( anba douch la ) bad boy bad boy what you gonna do what you gonna do bad
boy bad boy.

Dezilòm : Andris sispann vye chante sa yo pou mwen anndan kay la pou mwen. mwen pa janm tande kote wap chante yon chan nan chandesperans lan. se toujou vye chante mesye ka p mache ak fouk pantalon rive jouk anba pla pye wap chante tout lajounen. manyè bay moun zorey yo. Mwen menm oumenm se pou m ta va p priye lajounen kou lannwit pou malèpandye mwen wè blayi sou tèt ou.

Andris : Dad, chante sa a se chante tout timoun konnen wi.

Dezilòm : tout timoun, tout timoun. bon mwemenm mwen pa vle w chante andan kay la. Kay sa a se kay Bondye li ye li pa kay bad boy, li kay bad boy. Ou janm tande yon moun al aplike nan yon djòb pou l paret pou l di ke li yon mastè an bad boy di m andris pitit gason mwen ke renmen anpil la ... di m si w konn tande sa.

Andris : Dad, ou konn sa m ta manje jodi a lè m sòti lekòl la.

Dezilòm : wi, sa w ta manje

Andris : mwen ta manje ou sonje diri ak djondjon manman te fè lòt jou a lè achte vyann nwa nwa.

Dezilòm : se pa manje pou 2 janvye a ... vyann pentad monchè ... ou paka di pentad.

Andris : wi se li mwen ta manje jodi a.

Dezilòm : Antouka si se pou manje sa a ou tou chire paske manje sa yo Bondye mete moun ki pou fè yo.

Andris : Ki moun sa yo dad.

Dezilòm : Fi

Andris : an dad, gason paka fè manje sa yo.

Dezilòm : Mwen pa konnen ... antouka ou chire. Bagay yo la a vrèman pliske mwen sonje se mwen ki te achte twa pentad pou manman ... diri madan gougous la la a vre e gen epis ...men ou chire ... ou chire.

Andris : Dad, I miss my mom

Dezilòm : sa w di

Andris : mwen di mwen sonje manmanm

Dezilòm : Apa li sa k te di w pede fè manman w fè movesan
Konnen ou konnen sa k rele manman

Andris : Dad, si lè m vini mwen rele manmanm nan telefòn na p fè l di nou kouman pou nou fè manje pliske tout bagay yo la.

Dezilòm : sof sa e la ankò mwen pa kwè ke la p fasil ke sa. de tout fason alenposibnilnèteni kò nou fi n abitye ak ti noudoz nou na kontinye degaje nou paske afè mekdano mwen pa ladan l menm ditou e mwen vle w manje yo tou.

Andris : M'ale dad

Dezilòm : be good ... pa kite moun vi n dim yo te wè w anlè forèzil la ankò ... ou se bann vye nouvèl sa yo ki voye manman w lopital. Be good.

Dezilòm : Wouzdis ( reponn telefòn ) ... se Frè Agenò ... anba a ou ye la a e ben te vi n ouvè pou ou vye frè m.

Agenò : Monchè fanm vre ou mèt di sa fò ... fanm se potomitan kay. Gade mwen antre la a la a sonb wa di se w kote dezète.

Dezilòm : Ou konnen fi toujou renmen pale anpil ... ou di sa paske ou konnen si te gen fi la a yo ta fè w konnen yo la.

Agenò : Non se pa sa non paske mwen te konn vi n lakay ou deja mwen konnen sak te rele kay kouzi n mwen Miralya. Gwo midi ou kwè sant poul la ta p gentan a pete nen mwen la epitou mwen pa ta p wè kay la gaye konsa.

Dezilòm : E byen mwen di toutajezi

Agenò : Frè Dezilòm daprè eksperyans mwen fè ou konnen pa gen pase fi sou latè. Paske fi a pa konn katrè di maten, li pa konn minwi, sèlman depi li wè yon bagay ki pa byen anba je l fòk li fè yon jan kanmenm pou l ranje sitiyasyon an e mwen menm di pou jan mwen wè gason konpòte yo mwen mande m si se gason bondye te bay dwa pou pouse pitit eske ta p gen mil timoun sou tè a paske lè w gade mizè fi pase pou pouse yon timoun ...

Dezilòm : Agenò ou di yon pawòl ki konsekan anpil wi Agenò ... pou jan gason kapon ou gason ta p fè de vwayay lopital al pouse timoun. Monchè franchman si se pa t pou moun konnen mwen ta peye w pou sa w di a ... sa se pa pawòl tout filozòf non.

Agenò : pandansetan banm nouvèl Miralya non ... di l ma p pase wè l demen lè m so t travay. E Andris la l lekòl.

Dezilòm : Miralya pa pi mal non men dòktè a mande li pou li fè dezoutwajou ankò. Andris al lekòl limenm.

Agenò : e ben an nou fè yon ti priyè non anvan m jete pou ma l bay blan lè pa l la.

Dezilòm : o priyè a rekonfòtan ... mwen santi se pafen syèl menm ki anbomen anndan kay ... Frè Agenò mwen pa p di w mèsi pou priyè non ou konn pou kisa ... yon fason pou m ka jwenn ankò.

Agenò : lapè bondye avek ou frè ... rete sou kont mèt paske li pa janm bay manti. M'ale.

Dezilòm : Oke frè mwen

Andris : Dad

Dezilòm : Ou antre ... kouman lekòl la te ye jodi a

Andris : Good ... dad banm rele manmanm non pou manje a

Dezilòm : Rele l non

Andris : Mom kouman ye ma p vi n wè w ak dad pita wi

Miralya : Ou manje pitit mwen

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.