Tuesday, October 24, 2006

VERITE

Prejije
negriye
debake
fann an de
arete
depote
transplante
fouraye
boukante
etanpe
estwopye
anchene
maltrete
bourike
andete
anclave
se Bondye !
se pa vre .

LE BEAU FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, DAWOUT 2006, BOSTON

Monday, October 23, 2006

LABOUYICHO

Si w kite m
apwoche w
pa boule m
ma p rele w
Solino
Lasali n
Ri timas
dèlma kat
pòs machan
kafou fey
dekayèt
gran ravi n
matisan
nan kanpèch
nan mango
nan sore
nan delwi
nan leklè
nan flanbè
nan tibwa
nan twou sab
nan breya
nan bouzen .

LE BEAU FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, OKTOB 2006, BOSTON

Saturday, October 21, 2006

KREYOL

Jou janpòl
jwenn lekol
an kreyòl
bel kontwòl
koutzèpòl
san tchobòl
boude djòl
parabòl
dlo rigòl
etanòl
soumounòl
kòwòsòl
chapotòl
wa we fò l
wa we gòl
Anatòl .

Tuesday, October 17, 2006

KACH KACH LIBEN

Si jaklen
janpetren
janraben
jankenken
jakoben
zoreken
degouden
bwe kleren
se pa sen
ya p plimen
sou kousen
senjwachen
men se vlen
lafimen
adoken
ya p danmen
pou chagren
pa donnen
nan lafen
titanyen .

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, OKTOB 2006, BOSTON

Monday, October 16, 2006

17 OKTOB

Moun pran rak
koutmakak
pil kodak
kamyonmak
kadiyak
simen trak
gwo chabrak
bay grennbak
fimen krak
foulkontak
pakanpak
kadejak ...
almanak
mèt janjak
pa p fè bak
jakchirak
demokrak
demoniak
bouch makak .

LE BEAU,FRANTZ, TOUT DWA REZEVE, 17 OKTOB 2006, BOSTON

Sunday, October 15, 2006

TOUNEKEVANITE

O nannann
si vye mann
ra pou bann
fò w ka tann ...
marijann
nanmijann
gwo gagann
karavann
rat nan kann
fanm ladwann
bwabannann
askomann
raramann
bizismann
machanvyann
zozomann .

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, JANVYE 2005, BOSTON

SIRIL !

Palepakrazeze
Siril pa Klodoje
Siril pa Pwenkare
Siril pa Galile
Siril pa Monteskye
Siril pa Divalye
Siril pa Bravgede
jou Siril pa pale
konesans pa tonbe
koz moun blije mande
si Gwo bot se te vre
si Bouwèt se te vre
si Sèkey se te vre
si Mapou se te vre
si Manyi se te vre
si pè Mèz se te vre
si Jesnè se te vre
si Aman se te vre
si Dekat se te vre
si Alfons se te vre
Ala w Siril bondye !
tande ak wè se de
kisa Siril te ye ?

Friday, October 13, 2006

ABITASYONLEKLE


MATISAN

Bwamitan
pachiman
sousesan
merilan
sensèman
mande pan
anchankran
sou di tan
man minan
man lwijan
man fènan
pè biyan
matisan
te vrèman
anpenpan
angranjan
plimdepan
flanbwayan
chatwayan
karesan
kourajan
souriyan
byenveyan .

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, AVRIL 2006, BOSTON

Thursday, October 12, 2006

SAJES


LESENTESPRI

Ede m wete m anndan m
pou w ka byen layite w
mwen kòm santi yon nan m
ki vle wete m sou je w

Pafwa m tèlman wòklò
mwen wont kom yon limyè
yon moun ki kòm abò
pou fè lòt moun wè klè

Kom moun ou te triye
mwen kòm manke sajès
malgre pawòl pale
mwenmenm mwen andètrès

Ede m wete logèy
anndan m tanpri papa
ou menm ki fè mèvèy
nan moun ki gen lafwa

Mwen ta renmen toujou
rete anba pouvwa w
paske pa gen lanmou
ki plis ke lanmou pa w

Ede m bliye kèk dwa m
pou m ka rete nan pye w
olye pou m pran m pou wa m
pandan ma p jwi bonte w

Pa kite se mwenmenm
ka p chwazi lefiti m
men fè se oumenm menm
ki pran kontwòl lavi m

Pran petri m abite m
tanpri lesentespri
pou lòt moun ka p gade m
wè prèv mwen konvèti.

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, Jen 2006, BOSTON

Tuesday, October 10, 2006

DLO BREYA !

Lè m pran ka
katrina
beniswa
jewova !
si tafya
dlo breya
te san fwa
e san lwa
nan bounda
lagraba
dezespwa
ogatwa
kòdgita
avadra
bogota ...
ni bonga
ni toba
ni dilya
ni benwa
ni mèt ra
ni fozya
ni lefa
menm konpa
pa ta p la .

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, Oktob 2006, BOSTON

Monday, October 09, 2006

AYITITANBOU

Jou w vire m
kanpe m
siye m
bo pye m
eskize m
anbrase m
chouchoute m
pentire m
abiye m
ankadre m
akòde m
wouze m
chofe m
soule m
mare m
frape m
rezone m
vibre m
chante m
fè koute m
salye m
wa tande m !!!

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, 23 dawout 1991, AYITI

Sunday, October 08, 2006

REKONSILYASYON

Wi m pare
pou m bliye
negriye
pou m kite
debwaze
dechouke
deboude
detripe
dispite
debranche
delabre
detwouse
dekoupe
defriche
dewoute
me t dife
masakre
dezame
men mwen vle
pou w serye
e sonje
mwen sanble
ak Bondye
tout bon vre .

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, Oktob 2006, BOSTON

Thursday, October 05, 2006

PA GEN JWET !

Ko t tisè
li kouche
ko l kraze
la p bay dlo
yon gwo kri
men tet li
pran w sèvyèt
yon ti fi
ko t mèt vant
fouye w twou
ko t tigrann
yon pot dlo
trannsenkob
twa bouji
twa grenn sèl
twa digo
twa pawòl
katfasad
ki non li
graslamizèrikòd !!!

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, AVRIL 2000, AYITI

Monday, October 02, 2006

TANBOU

Depi matisan sèt
ou pran m pede trennen m
sepa menm fètchanpèt
lage m m tounen tounen m

Ou pran m mennen m kafou
m pa menm gen kòb machi n
aprè dans tanbou lou
kata pa gen ranki n ...

depi w tande w frape
se pran m mete abò
fe` ren m ap ranmase
tout zen ki gen sou fò

Ou pa bezwen konnen
si m fè devwa m deja
se pran m lakou mouzen
lage m lakou breya

Anpasan w sou granri
pou w bay palè ochan
fè moun fè w bann zanmi
nan w tan ki pa pran tan ...

Si w fè legliz radye m
ma p nye w pou tout lavi m
menmkan depi w rele m
se pou m vini vini m.

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, FEVRIYE 2001, AYITI

Sunday, October 01, 2006

O POWET !!!

Chache mawon lavi
pa yon filòzòfi
sitou le` se pwezi
ka p ri nan sa wa p di

Gen moun ki di bweson
se w sous denspirasyon
poutan Kalbwa di non
lè w li kontaplasyon

Komkwa mariwana
se golgota rasta
pandan yo tet anba
nan w monn pouki poukwa

Menmsi m ekri w powèm
ki bèl tankou granmè m
depi pye m pa nan kè m
ki me`l yon moun ave`m

Poutan la vi reyèl
se w vi pwetik ki bèl
sitou lè se le syèl
ka p ri anba ti kè l

Eksperyans fèt pou fèt
pa fè l pa viv anfèt
si w fè l ou tou fè l nèt
kite l tanpri powèt !

Paske powèt se kè
lavi sou tout latè
si nan m pa l pa anpè
lavi fè bèk atè

Le Beau FRANTZ
Tout dwa rezeve, JANVYE 2002, AYITI

OUMENMSA A !

Ou menm menm menm menm menm
se ve w menm pou w remen m
malgre la p kesyonnen m
ou la wa p kenbe men m

Pilat poko mande w
kisa mwen ye pou ou
san w pa gade ledè m
ou di l ou se granfrè m

pilat poko mande w
kisa mwen ye pou ou
san w pa gade ledè m
ou di l ou se sansè m

pilat poko mande w
hika mwen ye pou uo
san w pa gade lede`m
ou di l ou se lide` m

pilat poko mande w
kisa mwen ye pou ou
san w pa gade lede` m
ou di l ou se sove`m

Pilat poko mande w
kisa ou ye pou mwen
san pa gade lede`
ou di l ou se senye`m

Pilat poko mande w
kisa mwen ye pou ou
san w pa gade lede`m
ou di lou se limye`m

Malgre pilat mande w
kisa vi n fe` pou mwen
san w pa gade ledè m
ou di w se siyatè m

Malgre pilat mande w
kisa mwen ye pou ou
san w pa gade ledè m
ou di w se redanmtè m .

Frantz lebeau
tout dwa rezeve

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.