Monday, June 30, 2008

Frèzesè

Rodaylann nou sòti
nan retrèt tibisi
frèzesè sa n ka di
sa k pa t la tou pèdi

Nou priye nou chante
nou blage nou manje
pou pawòl ki pale
vye divòs pa p pase

Bebisit koupe dwèt
tout timoun byen kwayèt
frè wilsonn ak Albèt
yo travay tankou bèt

Lè l te lè pou n tounen
tout koup nèt te chagren
pou tèlman lesprisen
ta p benyen n ak pafen

Frèzesè sa te bèl
sa te bèl kou lesyèl
frè milò frè danyèl
pou fè koub yo konn fè l

Depandan Jezikris
randevou demildis
an n fè w jan pou n pi plis
pou konbat lantekris

Frantz Le beau

Wednesday, June 25, 2008

Ti cheri

Lè m gade w ti chouchou
andire m wè m vle fou
ou tankou w rapadou
ka p bouyi kay lanmou

Lè m gade w ti kòmè
fò w ta di m wè grandè
m wè soley m wè m lanmè
yon tranch syè l sou latè

Lè m gade w m vle vole
fò w ta di w sèpantye
vòltije al tonbe
jouk savann dezole

pou antò wi m antò
mwen mande w chans ankò
pa kouri change bò
pou w kite m ak lanmò

Zipimbow mwen ta di
bèl souri m ta souri
si m ta wè m ta pèdi
nan fon kè w ti cheri

wi ala tijoudlan
mwen ta fè timanman
si m ta wè m angranjan
sou tete w pou letan

Frantz Le beau

Tuesday, June 24, 2008

Tanpri sè m

Tankou briz bò lanmè
Ala w dous tikòmè
Kou zwazo grankalfou
Ala mou ti men w mou

Zipimbow mwen ta di
Ala mè m ta ranni
Si m ta wè m bò kote w
ap manyen ti plim je w

Ata menm lakasyèl
pa anyen pou jan w bèl
Andire m wè m bwale
Nan lespas jwenn Bondye

Tanpri sè m ban m lanmen
Pou demen m ka sèten
Tanpri sè m ban m lanmou
Pou m ka viv pou toujou

Frantz Le beau

Saturday, June 21, 2008

Pwezi ( 20 jiyè )

Ala yon bèl plezi
se lè wa p di pwezi
pou w glorifye jezi
poutêt li bay lavi

Ala yon bèl istwa
se lè wa p fè bèl vwa
pou w di ala yon wa
sou lakwa gòlgota

Ala yon bèl koze
se lè wa p depoze
depoze pou Bondye
ki merite louwe

Frantz Le beau

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.