Tuesday, May 20, 2008

Mesyedamlasosyete

Mesyedam
Sa k ban m cham
Pou m pran vwa m
Leve vwa m
Pou papa m
Se lè fwa m
Banm viktwa m
San vakam
Sou lakwa m
Gòlgota m

Frantz Le beau à soeur Jessie Romélus
Veuillez la contacter pour moi soeur Gabeau
Elle est la fille de frère Watson Romélus.

Pwèm fèt dè pè

Bèl ti manman cheri
Kisa papa m genyen
Tanpri fè l fè w ti ri
Pran ka papa m pou mwen

Di papa m ti pawòl
Pou w fè nanm li vole
Pawòl tablèt lakòl
Pawòl fè pye tranble

Pa ba l ratman lanmou
Di l ti pawòl lontan
Pawòl pou w fè kè l fou
Fè sa pou mwen manman.

Frantz Le beau à la p'tite de soeur Gérald Gabeau

Thursday, May 01, 2008

Pyès teyat fèt dè mè 2008

Nan demele rèv chwal anba flanm soley cho pòtoprens se konsa mwen te tonbe sou yon fanmi ki ta p viv nan yon ti kounouk nan zòn savann pistach. Se te frè similòm ak miralya epi 4 timoun yo nènè, choubout, jezila ak ti dènye a titoutou. Frè Similòm se te okton nan palè dèministè se te yon nonm non bondye te toujou sou pwent lang li e se sak fè tout moun nan minitè-a te ba l yon ti non kote yo te rele ti jezi e se la tou li te tou pwofite de sa pou l te rele pitit fi l la Jezila byen ke sa pat pran twò lontan pou l te fè vwal pou peyi san chapo kote li te kite pou fanmi yon ti chèk pansyon 82 goud 35 santim, yon chansdesperans, yon gwo bib kreyò, yon ti radyo ki gen bouton l bloke sèlman ant 60-70 paske se te la ou te jwenn radyo limyè ak yon ti santye kote li te konn pase avek yo pou li mennen yo legliz kay pastè senvwayis Oras. Men kouman sa te dewoule anba je tout moun ki ta p founi je gade senn sa a nan savann pistach.

Miralya: sot nan jenn ak yon pakèt bwa sou tèt li e lòt 3 timoun yo sa ki pi piti yo kenbe ke wòb li. Li rive nan lakou a li lage pakèt bwa a atè epi li di " Mèsi gran mèt la ki nan syèl la ou fèm sòti e antre anbyen. aprè sa li di Nènè al limen dife a sèlman pa boule tout bwa yo non kite pou demen.

Nènè : Wi manman ! Nènè tanmen soufle dife ak bouch li lè li wè dife a paka pran li pran yon mòsò katon li tanmen vante dife a.

Miralya : Men nènè ou pata bezwen kite se mwenmenm ki te pou diw pou w pran de lam dèyè kannari a. Depi m te di w limen dife a fò w ta tou konnen pou w pran yo.

Nènè : Men lam yo wi manman !

Miralya : mete yo atè a epi li di al kay madan sedye a di l voye de mak aransèl pou mwen ma voye kòb la pou li demen apremidi.

Nènè : manman li di pa bliye sa fè 6 mak avek 10 kòb andwi lòt jou a.

Miralya : fè kalkil la pou mwen tou mete 6 wayal madan pepe a sou li. Epi li pran aransèl la li lave l li lage l nan bonm nan ak de twa bran fey lyannpanye. Pandan sa ki pi piti ap jwe yo mizik yenyenyen. Epi li di Nènè ou konn tout leson w deja paske mwen wè se rabache ou ta p rabache yo sitou gramè ak vokabilè ou poko konn sa yo menm. Al pran liv ou pou mwen tanpri souple paske sètifika a sou pye.

Nènè : Petyon bati petyonvil san lanmè ... petyon bati petyonvil san lanmè. Petyon bati petyonvil san lanmè. Pandansetan la p voye je l gade bonm lam. la politik agrè de Petyon ... la politik agrè de petion.

Myralya : Nènè ou konn sa k pase ti vi miyò pase gran vi si w konnen ou paka di mo politik sa a nan kè pito w depoze liv la pou mwen pou yo pa vi n kraze vye kounouk lan pou mwen aswè-a nan vi n chèche w tankou grenn zepeng ki pèdi a ... manyè kontwole bouch ou pou mwen tanpri papa.

Manje pare :

Miralya : Men pran asyèt ti toutou pou mwen anvan nou wè se li k pi piti sa se mechanste. Miralya fè Nènè priye sou manje a aprè tout moun fi n manje Miralya fè tout moun bwè yon gwo tenbal dlo.

Lanjelis tonbe tout moun antre al dòmi.

Miralya : Nènè leve, Nènè leve se lè lekòl.

Nènè : fi n benyen epi li mete rad lekòl li sou li

Miralya : Miralya ap penyen tèt Jezila " peny lan paka pase nan cheve a li pran yon ti dlo li melanje ak yon ti lwilmaskreti pou l wè si peny a pase. Pandansetan li di Nènè pran po a al kay madan letwa di li voye 50 kòb akasan ak 20 kòb sik sèlman sikwouj wi mwen konnen ou toujou pa tande sa yo di. Mwen pa konprann ou menm alèkile ou dwe konprann se yon jenn gason ou ye la pandan ou wè ou bwal sètifika lòt mwa ouvè zorey ou pou mwen ... epi lè w pase kay jantiyòm pa di l sa devan moun non di l voye 50 kòb biswit pou mwen ... sèlman biswit rale pou w fèl bawou wi.

Nènè : Men yo wi manman

Miralya : Pran douz biswit la li bay nènè 3, li choubout 2, li bay Jezila 2, li bay titoutou 2, li pran 2, li sere lòt pou titoutou pou lè 11 midi sonnen nan vant titoutou. Tout moun manje tout moun al lekòl.

Nènè : ( sot lekòl ) li di bonswa manman ... manman mèt alwidò di konsa si w pa voye peye 4 mwa omwen li pa p banm fich la pou ma l nan egzamen sètifika a non.

Miralya : Se mèt Alwidò ki Bondye pou l di w li pa p kite w al nan sètifika a. E byen si se pou sa ma p gade limenm ak Bondye kiyès ki pi fò.

Nènè : manman li se moun pou l fè sa vre wi

Miralya : fè kisa ? fè w pa al nan sètifika. Se Bondye wi ka p voye w nan sètifika a ou dwe konprann se ou menm ki bwa l pou kò w ou byen w konpran se ti sa wap pran nan lekòl ki bwal fè w pase ... pitit sa w pa konnen pi gran pase w tande. Se 6 mwa m dwe l'wi san konte mwa jen ane pase mwen poko peye l wi li ta voye w tounen deja si pa t gen yon moun ki te pi fò pase l. Detoutfason bonregleman pa gate zanmi demen maten mwen bwa l ansanm ak ou.

Nènè : wi pito sa manman.

Miralya : Nènè jodi a mwen vle pou w fini net avek revi a tande ... epi èdmemwa a tou. Paske sètifika rive sou nou pitit mwen. menm konnen Bondye pwisan li pa p kite w fè de vwayay. Limen dife a anvan me t lam yo bouyi. Gade anba tapi wa p wè 5 goud al kay mandan pepe a di l touche premye 6 wayal yo avek 10 kòb sik di l ma voye peye lòt 6 yo demen apremidi. Pase kay mandan Letwa a di l touche premye akasan ak sik la epi vini ak res monnen pou mwen ... sèlman wa pèdi l tande mwen konnen se ladan l pou m pran pou m bay kole boyo pou ou ... rafinè !

Kole boyo, kole boyo, kole boyo ...

Miralya : jezila rele mesye kole boyo pou mwen

Jezila : manman li gentan rive byen lwen wi

Miralya : en byen rele Choubout di choubout al rele mesye kole boyo pou mwen ... sèlman pa ale non ou menm se ti fi w ye ... di Choubout al rele mesye banmwen.

Choubout : men mesye a wi manman

Miralya : Choubout kote w sòti la-a ... wi kote w sòti la pliske mwen wè w paret sou mwen touchotoubouke vye wèlko sal nan pye w wadi ww vye solda women kout loray so t fè pran kouri nan fè frekansite gòlgota ... mete w agenou banmwen. Mesye kouman w ye se pou yon gwo bagay non mwen rele w la a se sèlman yon ti fè cho pou w pase sou sa a pou mwen pou pitit la al lekòl demen maten. Se w vye p ti dekole li fè nan choute vye manmit atè.

Kole boyo : O madanm ou di se pa anyen ... an an jan bagay sa a chire la a sepa anyen toujou. Boyo sa a se w boyo pou w ta bay refonn net. Antouka si wap bay 40 Kòb ma p fè l pou ou men aprè sa mwen paka fè otreman.

Miralya : 40 kòb ... en byen mwen ta pito achte yon tou nèf pou li menm kanm konnen rafinè a pa ta p kite fè de jou nan pye l. Detoufason map ba w 15 kòb fè l pou mwen se papa pitit ou ye tou.

Koleboyo : banm 25 kòb madam ma fè l pou ou !

Miralya : Mesye lè legliz mwen rive si m di w mwen ka kanpe ap pèdi tan ou mèt di m manti. Men 15 kòb la la a ... Nènè al pran 15 kòb anba radyo-a bay mesye a.

Machann : Men bèl pwa, diri, mayi senmak, soupoudre, mantèg, lwildoliv, pat tomat, bèchalonè ....

Miralia : Choubout sepa Septimiz ...

Choubout : wi manman

Miralya : rele Septimiz pou mwen.

Septimiz : Kouman w ye man simil

Miralya : e byen sè m na lite paske granmèt la di rete nan pye ... pliske se la bonjan dlo a ye.

Septimiz : ou mèt di sa fò madan ... mwen pa konn kote m ta ye si se pa t nonm anlè a sa a.

Miralya : Septimiz sè m ede m priye mennaj ou a bwa l nan sètifika nan 15 jou ankò la a wi.

Septimiz : sal ye ! pa betize ... e byen nou preske leve atè a la a madanm.

Miralya : sa depann de sa wadèwa a di ... se li k koretè a se li k radyo a. Ede m priye sè m. Septimiz mwen te dwe w 4 goud 35 ma p peye w net epi m ap pran ankò.

Septimiz : Mè wi la pi bon konsa pliske konsa nou pap twouble.

Kole boyo : an boyo sa a ma p kole la-a se w ki bwal sètifika.

Miralia : Se sa ma p di ou pa t konnen paske si w te konnen ou pa ta p mande tout lajan pou w pase yon ti fè cho sou yon ti boyo. Wa p retire 5 kòb la pou li pliske lè l direktè se pou nou tout la p bon .. se va direktè nou.

.....................................................................................

Demen rive Miralya al nan lekò ak Nènè :

Miralya : Bonjou mèt Alwidò

Mèt Alwidò : Kouman w ye man Simil

Miralya : Mèt Alwidò ou pa bezwen okipe w lòt semenn nan ma p voye peye 2 mwa yon fason pou nou aranje nou pou sètifika a.

Mèt Alwidò : O non man Simil ou ta di
m wa p voye 5 mwa ou di 2 mwa. fè l rive 3 mwa ma blije fè sa paske fò m peye pwofesè yo tou sè mwen. Detoufason se yon trè bon ti jennonm ou genyen-an. Li pa bay pwoblèm ditou nan lekòl ... ou wè vrèman se pitit frè simil lòm de dye.

Miralya : Ou mèt di sa fò mèt Alwidò simil te renmen Bondye ... gen de fwa mwen rete mwen sonje ti chan li te renmen chante-a " priyè-a la monte grasla desann senyè ". E byen dakò mwen bwa l degaje m pou m wè si ma jwen 3 mwa voye pou ou.


Bos brikolè : Vye kabann somyè, vye kad, vye recho m'achte yo m'ranje yo.

Miralya : Frè vini m pale w

Bos brikolè : Men mwen wi

Miralya : Konbyen wa p ranje ti pye kad sa a pou mwen

Bos brikolè : ti pye kad madan ... konbyen ma p ranje kad sa a pou ou. Se w kad ki kraze net wi kad sa a ... se w kad ki ta dwe refèt net wi.

Miralya : mesye mwen pa fouti nan pale pawòl gran nèg avek ou ... kad la se w kad tou nèf se ti lèzanj sa a ki dèfwa fè w ti ponpe sou li sak fè pye a yon jan vle kochi aprè sa mwen pa wè kad la gen anyen.

Bos brikolè : madanm ou di kad sa a pa gen travay ladan l toujou. Banm 3 goud ma p ranje l pou ou.

Miralya : Choubout pran kad me t andan pou mwen ... mesye sa a menm se pou boujwa ou travay. Mesye ou konn sak pase ma p ba w twakapyas pou w fè l pou mwen.

Bos brikolè : Banm goudedmi

Miralya : mesye men twakapyas la la a si lide w di w fè l pou mwen fè l pou mwen dayè se yon vèv mwen ye.

Bos brokolè : e byen pote non.

.....................................................................................

Jou sètika rive

Miralya : Nènè leve se 4 trè li ye leve pou repase dikte a ... mwen poko tande w priye non ... priye avan poukont ou aprè na fè yon chenn priyè ansanm pitit.

Nènè : manman mwen santi kè m ap sote

Miralya : e byen se konsa wi se nan konba ou bwale wi ... detoufason avan wale nou bwale rele Jezi epi aprè ma p ba w yon bèl tenbal dlo sikre pou kè sote a vole gagè.

Nènè : wi se sa m toujou tande elèv ka l sètifika yo toujou ap di ... se vre sa yo di-a manman.

Miralya : dlo sikre bay enèji ou pa konn sa ?

Nènè : al konpoze

Miralya ap pale pou kò l : mezanmi gade kouman sètifika-a fè figi pitit la pati ... sètifika souse pitit la net tout zo kolet sòti wa di se w dogzo yon zomangay. Nan semenn nan pou m wè si m a jwen yon ti kòb poum wè si m a fè yon pwa nwa ak lam, patat, lyannpanye, ak kèk bon donbrey ladann pou m remonte pitit gason nan.

Sou 1 mwa rezilta ap bay ... Miralya pran yon mouchwa li mare ren li pou l tande rezilta a.

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.