Sunday, October 01, 2006

O POWET !!!

Chache mawon lavi
pa yon filòzòfi
sitou le` se pwezi
ka p ri nan sa wa p di

Gen moun ki di bweson
se w sous denspirasyon
poutan Kalbwa di non
lè w li kontaplasyon

Komkwa mariwana
se golgota rasta
pandan yo tet anba
nan w monn pouki poukwa

Menmsi m ekri w powèm
ki bèl tankou granmè m
depi pye m pa nan kè m
ki me`l yon moun ave`m

Poutan la vi reyèl
se w vi pwetik ki bèl
sitou lè se le syèl
ka p ri anba ti kè l

Eksperyans fèt pou fèt
pa fè l pa viv anfèt
si w fè l ou tou fè l nèt
kite l tanpri powèt !

Paske powèt se kè
lavi sou tout latè
si nan m pa l pa anpè
lavi fè bèk atè

Le Beau FRANTZ
Tout dwa rezeve, JANVYE 2002, AYITI

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.