Saturday, September 30, 2006

SEPHORA

Kom Bondye se Bondye
la pran ka w ti manman
la ba w bwe` bon dlo fre
nan bon tan movetan

La fikse de ti pye w
kontwole tout lavi w
anbeli tout panse w
fè w renmen menm lennmi w

la mare w ak tout non w
ki di byen kouman w bèl
kom se li k solisyon w
ni nan ri ni nan rèl

Wa benyen nan lanmou
pou tout moun sou late`
voye je w toupatou
non w fè pè ak lapè

pa kite w deraye
pou w bliye Jezikri
pa gen de verite
se li menm ki lavi

Ou rele Sephora
bra dwa pwofet moyiz
pititfi Yphosia
bon manman san refiz.

Le Beau, FRANTZ
tout dwa rezeve, 27 SEPTANM 2006, BOSTON

Friday, September 29, 2006

POTOPRENS

Chomaj fè mikala w
soley cho bwè jina w
majistra ko t fatra w
machann dwog vann dola w
chimè ko t bereta w
lapolis men piga w
lajistis fè chita w
gouvennman plen bounda w
pepsamiz ko t boulva w
etanol ko t tafia w
foutbolè ko t oba w
mago kote bega w
jwiferan ko t bòt nwa w
tanbouyè ko t mouchwa w
limena ko t twòtwa w
pèseptè ko t devwa w
mòn lasel ko t pye bwa w
kaporal ko t pa mwa w
mizisyen ko t konpa w
sanfil ko t maryela w
palmantè ko t lalwa w
prezidan ko t pouvwa w
jounalis ko t miwa w
mankolo ko t bib pa w
potoprens men siga w !

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, MAS 2003, AYITI

JAKMEL

Yon ti ri
yon souri
bra m louvri
san m fremi
ke`m geri
mwen santi
se w lot vi
ka p grandi
nan w lapli
kèzini
pou lavi
ka fleri
san manti
bèltifi
dan zonbi
mango mi
sentespri
sentmari
tijezi
byen toufi
fè m dòmi
ticheri.

Le Beau , FRANTZ
Tout dwa rezeve, 14 FEVRIYE 2006, BOSTON

SA W VLE M FE`

Se pa vle m pa ta vle
al savann dezole
men se lè m wè m rive
pou m paka we` sedye

Mwen ta bwè w akasan
byen sikre angranjan
men rive matisan
mwen jwenn manletan

Mwen ta monte kafou
al gade gwo foufou
tout ti pechè fi n fou
depi sou agawou

Mwen ta monte bèlè
al gade tet palè
akoz de twòp pou tè
bèlè tounen w lanfè

Mwen ta va l sivadye
al bwè dlo kokoye
rive mòn karate
mwen ka paka monte

Mwen ta va l fè w lesiv
sou platon gonayiv
men lè ma p swiv bon swiv
tout riv aladeriv

Mwen ta monte okap
al bay grandou m zikap
menmsi m ta fè yon chap
bri zam se klapklapklap

Mwen ta desann okay
al bwè w bon patinay
rive dèyè pòtay
se bal ka p fè chantay

Mwen ta monte siyon
al bay priyè m koupyon
rive anba tapyon
yo ka krible m ak plon

Mwen ta pran w kamyonnet
al chwe jouk fonveret
si m jwenn ak lafayet
li ka fè banm kout dwet.

LeBeau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, DESANM 2005 ,BOSTON

GRANGOU

Estatistik di wi
se ou ki kè lavi
se se l ou ki ka di
kilèl bonjan midi

Ou gen yon kout loray
pou w fè lèw depasay
li me t se w ti maymay
fok kè l fè patinay

Lewòp Lazi Lafrik
se non w ki pi kosmik
vi n jwenn annamerik
ou trè karismatik

Pa gen yon grenn branch trip
ki wè w ki pa fè zip
sitou lè wa p kripkrip
anba kòtòf yon grip

Afè pou trèz pran pòz
pa vle pile katòz
sè l si w pa sou fòt dòz
pou w pa mete l ankòz

Djòb ou se bay lanmò
ochan tribòbabò
pran trip vire trip bò
fè zen pou kwatchòkò

Kanta pou kafoufey
breya site soley
se ou ki gen pòtfey
bay lòd pou fè sèkey

zafè fè bouch fè dlo
se zèv pa w raboto
ou menm ak bizango
sanble kou degoutdlo

Lè w jwenn ak zòtobre
ki pa peye peche
komkwa se sa w bliye
ou pa fè trip pase

Ou menm ak tout misil
soukonn de pwokonsil
wadi de pwenvigil
sou w pil trip pil sou pil

Pou sa m wè w fè kafou
se ou k pou ta grangou
poutan non w ak lanmou
ta dwe tonbe damou

Pou jan m wè w pèpetyèl
nan mache pete fyèl
sanble menm letènèl
genlè ba w prinobèl.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, DAWOUT 2006, BOSTON

TI TYENTYEN M

Pa gen gres pa w rezon
lè branch trip makawon
si mantèg ka mawon
yon pye siv ka fè l bon

Blan franse di tyentyen
pa rabi l bat li byen
tout sekrè l se konnen
sou ki li n li donnen

Pil dife pa kreve l
se kijan wa p toufe l
si w mouye l pa fwote l
pou zonbi l pa bwaze l

Doukounou akasan
fok se li bon piman
ensidonk se jouman
men l se moun tout manman

Lakilbit tet vire
ekzije fè l kole
pou byen di li fò vre
men se zev zòtobre

Lè l bouyi labouyi
pou radi wi l radi
li ka pran w fè w kouri
sou konn moun ka p pati

Pou l chanmchanm ak pètpèt
fòl seche fò l pa vèt
pran l griye l mete frèt
mezire pa godèt

Maymoulen m se soutyen m
san limenm chen frennen m
menmsi w wè l balonnen m
pa twaze l se pwochen m.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, DAWOUT 2006, BOSTON

SEPADERIMPARI

Redi pe pi danje
ke pale san rete
sitou lè se twaze
ka p pyafe nan sobwe

Si loray sarazen
pa p tonbe fonmonben
sa zonbi titanyen
tap pedi ri tenten

Dokotodobosi
dlo joumou pa jayi
kiltive lakilti
se pa zev zobogi

Kom rezon pa rezon
pou rezon parezon
orezon dyesibon
patinen mòn siyon

Jou lespri zogodo
debreye segonndo
restan zo wochanmbo
a jwenn pa l pilbowo

Komedi forezil
pi makab ke lekzil
jwenn aktè ka p li vi l
sou figi komedi l

jou soley blenngendeng
jwenn ak kè tilandeng
wa tande malfwendeng
ka p pale tchitchengtcheng

Pran kouri tankou rat
ka p souse karapat
gwolobogwolarat
ka p li bib sou kat pat .

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, DESANM 2005, BOSTON

SIDA

Nan rete san pale
pou nouvel pa gaye
gade ale fefe
ga d ale wozandre

Nan koute raketè
ka p bat kat nan fè nwè
mò sida mò bèbè
fè bliye kay doktè

Gade kwa gade kwa
ga d timoun ki nan ka
pandan gen gwo lespwa
pou moun ki gen sida

Nan chita nan w ti kwen
ap re t tann lwa ginen
ga d figi serafen
patadi se lafen

Ga d ale patchouko
patchouko bon matcho
patadi se w konplo
pou sekey ka vann cho

Ga d ale fouyapòt
patadi l gen kapòt
patadi se w gagòt
pran foure tankou bòt

Patadi prevansyon
pa mele ak bweson
depi w sou se baton
san poze tet kesyon

Patadi se anvi
kap goumen ak lavi
pou lanmo` ka aji
jan l pito sou granri.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, DESANM 2005, BOSTON

LAPE`

Lè machwè
fè kolè
sou chodyè
mache nwè

Lè limyè
pa fè klè
nan fè nwè
latèrè

Lè vèsè
monsenye`
san zefè
simityè

Lè lanmè
pran latè
pou lote`
lamizè

Lè zègrè
lè chimè
fè bèkfè
nan fon kè

Pou pran fè
fè de fè
fè mefè
fè fòfè

Wi lapè
nesesè
bisantnè
fosenklè.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, JIYE 2006, BOSTON

PA BLIYE

Lèw rive
di sedye
pa tade
ke l te pe!
ke l te be!
deniche
debranche
detwone
dekoupe
detike
detere
detripe
debleye
debwaze
dechouke
demanbre
demaske
ranvese
denye vye
pye koupye
ki kanpe
ankwaze
sou santye
verite
konsakre
pepBondye.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, ME 2005, BOSTON

BONDYE K KONNEN !

Dayè mwen pa Bondye
epi tout po m make
mwen pa fouti bliye
sa m pran sou negriye

Pou dat ma p pwonmennen
chache kouman m siyen
mwen pa fouti konnen
tèlman m derasinen

Yo pran m rele m lebo
e m pa moun fontennblo
ni m pa zansèt didwo
ni m pa zansèt malwo

Yo pran m fè m tonbe li
tout vi polvaleri
tout vi lavil pari
soti sou tan lanpi

kèkfwa lespri m ri m
pou jan mwen defini m
nan jan m ekri pwezi m
nan jan m dekri Jezi m

komkwa m se w blan anba
yon blan konsakonsa
yon blan djabavadra
yon blan anboulatcha

Batistè m nan bifèt
gran papa lafayèt
mwen kom bliye jou m fèt
mwen kom bliye m anfèt

Sanble limanite
sevre m san bann tete
pou janm depeyize
nan savann dezole

Mwen pa p mande mouri
mouri pa zèv lavi
epi Bondye pa di
moun fè vye zak enpi

Mwen pa bwale layè
layè se pa vètyè
epitou pou dayè
yo tout te siyatè

Mwen pa p mande anyen
pou bèf yo fè m trennen
malgre m tounen w defen
pandan ya p galonnen

Kom Bondye se jistis
nan bon jistis san vis
mwen pa p rayi ojis
menm pa p bliye nonplis.

Le Beau
Tout dwa rezeve, 23 DAWOUT 2005, BOSTON

GRASLAMIZERIKOD !

Gade l pa fè w anyen
se li wa p toufounen
komsi remèsi chen
se rans pou sarazen

Mande w kote w sòti
vi n chwe lakoufoumi
se kom mande lavi
pale de lanati

Figi w soukonn makou
ka p kriye viv damou
pou l devore toutou
gran kalfou koupoukou

Ou tonbe bò isit
fòw di se w dinamit
fè moun fè chirepit
me t moun nan mache vit

Monte tout pilbowo
joure madan kolo
komsi nan gwo koko
se ou k jouke pi wo

Pesonn paka pale
depi w fi n debake
sanble menm jakpremye
ta kom blije pliye

Se ou ki chef bòkò
ka p bay pwen dezako`
zak ou kom lanjdinò
fo`w di se zak kokmò

Depi sou kè kolon
wa p fè kameleyon
tanto w bay son vyolon
tanto w bay son baton

Byenke aloriji n
potko gen gran lali n
omwen nan granravi n
ta dwe gen disipli n

Le w ga d lakou breya
ou ta panche sou sa
ou ta sonje tiya
nan dans kay lovana

Se pa ta lisifè
pou w ta ye sou bèlè
bisantn♪8 fonsenklè
fe moun pè kom yon pè.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, AVRIL 2004, BOSTON

ALATRAKAPAPA !

Ga d soulye ga d soulye
ga d soulye ka p babye
epitou grasadye
si se pou pye gen pye

Ga d soulye ka p kanni
sou granri mezanmi
epi soley midi
ap fe` pye pran kouri

Pou sa m wè tèt zotey
ap sibi kafoufey
ga d soulye san parey
ga d zotey ki andey

Ga d soulye monkasen
ga d soulye pyèkaden
gade bot meriken
ga d zotey ka p senyen

Pou sa pikankwenna
ap fè pye nan breya
ga d soulye woujgrena
ka p kriye nan mouchwa

Pou sa m konnen Aryòs
pran anba tetanòs
ga d soulye ka p pòs
ga d zotey ka p fè sòs

Pou sa m konen lifèt
ap sibi fonvèrèt
ga d pobef sou kabret
ga d soulye nan bifèt

Ga d soulye ga d soulye
gade botdesanlye
ga d soulye ka p babye
pou rete san mete

Ga d soulye bò isit
ga d pye moun nan rankit
tande ri klougagit
ga d kouri ti sourit

Tande kout ri lanmò
men lanmò fi n wè mò
pou pye timoun sou fò
ka p mache san ranfò.

LeBeau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, JEN 1998, AYITI

KE` M

Kè m se kè m ti lami
se kè moun kap soufri
kè timoun sou granri
ka p domi akwoupi

Kè m se kè m ti papa
ke` moun ki nan traka
moun ka p chare rara
pou kwape movezfwa

Kè m se kè m kè m kè m net
kè pa m paka nan trèt
se kè moun ki onèt
kè moun ki gen tèt drèt

Komkwa se kè soley
soley ki pa sèkey
ka p mache simen dey
tout vye dey san parey

Kè pa m se kè manman
kè manman matisan
ka p gade lèpasan
douvan pil merilan

Kè pa m se kè respè
respè pou moun bèlè
ka p manje mouchavè
sou konsyans lavi chè

Kè pa m se kè lanmou
lanmou pou jouk li jou
pou timoun lanmandou
dlo bwote douvanjou

Kè pa m paka chanje
chanje kè m se peche
menmsi kè m ap rache
kè m se kè m grasadye

Si kè pa m pa t kè pa m
mwen mande m ki ta p ka m
isiba kote vwa m
toupiti anba zam

Men pliske kè m se kè m
map toujou kenbe fèm
sa pa gade m zafè m
paske se kè m ki fè m.

Le Beau, FRANTZ
tout dwa rezeve, DAWOUT 1995, AYITI

FANMOKAY !

Si m pa t te
mwen tap pe
lè m goute
kè m sote
sa a se vre
pa gen de


Anplis de bèl ou bèl
ou se w bonm te kannèl
yon granmèl siwomyèl
Yon lonbray tonton nwèl
nan w mizè etènèl


OU sanble degoutdlo
ak yon bèl pye mango
kote w touf tizwazo
ap chante tololo
desann ba monte wo
nan w bèl flanm soley cho


Ou tèlman admirab
ou tèlman atirab
ou se w tranch veritab
yon legi m fey ak krab
yon Jezi nan pokrab ...
yon souri yon podyab ...


ti gade m
ti twaze m
meprize m
konsole m
ti manje m
byen pike m
dejanvye m.

Le Beau
Tout dwa rezeve, MAS 2006, BOSTON

Thursday, September 28, 2006

AYITI

Bon zanmi
ba w manti
sou galri
kèzini
fòw ta di
pitimi
lakilti
toupizi ...

Ou pedi
pou dan ri
izmeri
janmari
malari
janpyelwi ...

Ou kouri
pou lapli
kou zonbi
kap pati
pyes peyi
pa anvi
pou w ta di
sa wsanti ...

Ou soufri
kou w tifi
zanj pedi
nan vi n li
lomeli
de pari
ditali
sentmari
vijini ...

Lavi di
fè w souri
kou vivi
van toudi
fè w modi
labadi
jeremi
zobagi
ko t mayi
ta fleri
pou tchovi
ta ka ri.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, 1 JANVYE 2005, BOSTON

KONVIKSYON

Wi ya wè m
nan fon kè m
jou granpè m
ak granmè m
va tou prè m
bisantnè m
fosenklè m
mes katrè m
jou ma fè m
bonjan frè m
nan mizè m
bonjan sè m
nan malè m
jou koulè m
ak vèsè m
jwenn grandè m
sou lanmè m
ya wè m fè m
nan fonkè m
nan erè m
nan chimè m
anndan chè m
tchèlèlè m
dan dèyè m
bannmachwè m
madoulè m
ti priyè m
tout avè m
san pwoblè m
nan respè m
ak lapè m
simityè m .

Le Beau, FRANTZ
tout dwa rezeve, JEN 2004, BOSTON

MENMMAN !

O vye tan
tan lajan
tan koutsan
tan fèpran
tan brigan
tan tiklan
tan gwovan
tan fèblan
tan kèk tan
tanzantan
digdantan
ansyen tan
feneyan
merilan
tan tranblan
O tanblan!
O tansan!
otan tan!
otan.

Le Beau
TOUT DWA REZEVE, JIYE 2004, BOSTON

BONFET MANMAN

Lè m rete
ma p sonje
sa w pase
nan kanpe
fè manje
tet vire
tranpire
esoufle
ranvèse
pye anfle
gen tranche
pran pouse
pran rele
tout bon vre
w merite
respekte.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, ME 2006, BOSTON

OUKAPAB !

Si w te ka b
charitab
byennemab
ekitab
nan w etab
mizerab
meprizab
ekzekrab
pi makab
ke palab
vresanblab
lasibab
rayisab
lobo krab
anba sab
ou louab
onorab
venerab
adorab
glorifyab
pou dirab
etènab.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, JIYE 2006, BOSTON

KODVIKTWA M

Se lakwa m
ki baz pa m
lè vakam
ap tchoula m

Se lakwa m
ki ban m jwa m
lè fo pa m
depatcha m

Se lakwa m
ki ranpa m
anba zam
dezespwa m

Se lakwa m
sou wa m
ki ban m dwa m
kay papa m

Se lakwa m
ki miwa m
ki lalwa m
ki deba m

Se lakwa m
ki listwa m
ki baz fwa m
repozwa m

Se lakwa m
golgota m
ki mouchwa m
sinema m

San lakwa m
se metdam
kodviktwa m
se lakwa m.

Le Beau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, AVRIL 2006, BOSTON

REKONESANS

Si lanfè
ak fè nwè
pa fè m pè
tankou yè
nan doulè
dan dèyè
simityè
mo`n kalvè


Si koutba
movezfwa
dezespwa
gabata
te kaba
nan la fwa
sou la kwa
golgota

Lese m di
si lavi
ka fleri
gwo midi
nan lespri
pou fè m jwi
apèsi
senfoni
melodi
bel souri
ki blayi
sou granri
paradi ...

Men pouki
pou m pa di
granmesi
sentespri
Jezikri
ke lavi
san fini
swa beni.

LE BEAU,FRANTZ TOUT DWA REZEVE, AVRIL 2006, BOSTON

NWEL

Presans ou sou latè
se presans la limyè
sa se zèv redanmtè
lanmou fè pou lapè

Presans ou Emanyèl
se vreman lesansyèl
se w lide k so t nan syèl
dwat nan tet letènèl

Presans ou Jezikri
se w kout nas pou lavi
yon lavi k te pèdi
toutouni nan manti

Presans ou Wa dè wa
se w kokennchenn viktwa
yon viktwa nan lafwa
jouk rive golgota

Yon viktwa ki bay lòm
yon lot lwa yon lòt nòm
pou byen di w se w kout gòm
nan yon monn deloryòm

Yon viktwa wòtpòte
verite konsakre
ko t Bondye tou peye
menm pou sa k poko ne

Yon viktwa ko t satan
pedi nèt pou letan
kote san w se sèl san
ki vo glwa reyelman

Yon viktwa ko t kretyen
plotonnen men nan men
ap benyen pafimen
nan pafen lesprisen

Yon viktwa etènèl
pou byen di w Emanyèl
kote bel ke w moun bèl
pa gen bel kou le syèl

Presans pa w se w presans
ki bay lòm yon lòt chans
yon chans pou repantans
yon chans pou asirans.

LE BEAU, FRANTZ
Tout dwa rezeve, JIYE 2006, BOSTON

LANMOUSANFINI

Lwen lanmou w se rayi
lwen lanmou w se manti
lanmou pa w Jezikri
se lanmou pou lavi

Lanmou anba isit
se lanmou ipwokrit
se lanmou fomanmit
nan mache chirepit

Mande Viktò Igo
li di w kazimodo
chekspi fi n awoyo
li di w se womewo

Mande Ozwaldiran
choukou n te gen bel dan
komkwa se akasan
kay madan cheridan

Fedinan Izabèl
ala bèl sa te bèl
epoutan te gen rèl
kay madan makorèl

Pou sa mwen wè lanmou
ap sibi gran kalfou
fo w ta di rapadou
anba pat lougawou

Pil maryay sou maryay
dlo bwote sou potay
sou konsyans tripotay
medizan moun lakay

Mwen ta renmen konnen
sa k fè lanmou w se`ten
sa k fè lanmou w donnen
lannwit kou lajounen

Mwen ta renmen mande w
eske lanmou w se ve w
eske lanmou w kreye w
pou w vle menm sa k pa vle w

Mwen ta renmen pou di m
pouki lanmou w zanmi m
sa k fè lanmou w chwazi m
pouki l sove lavi m.

LE BEAU,FRANTZ TOUT DWA REZEVE, AVRIL 2006, BOSTON

ENJANTWAVESESEZ

Ke w te fè
fè defè
fè mefè
fè zèfè
fè fòfè
fè vwadfè
kontrefè
mache fè
fè moun fè
fè fèzè
fè fè fè
annefè
ke w te fè
kou w te fè
toukontfè
si w vle klè
ak grandè
lesenyè
men w vèsè
depi w kwè
se lapè
a janmè.

Le Beau Frantz
Tout dwa rezeve MAS 2006, BOSTON

WAGENTAN !

Pa janm di wa gen tan
wa gen tan twò mantè
dayè se pa satan
ki pou di w lè li lè

Wa gen tan se yon mit
ka p pran w pre mennen w lwen
se pou w ka pèdi rit
chache wout lesprisen

Wa gen tan se yon riz
ke satan me t sou pye
pou bare lantremiz
ant pechè ak Bondye

Wa gen tan se w ravi n
ki jalou kou lan mou
depi l wè disipli n
li kanpe kou w grenn klou

Wa gen tan ka lolo w
pran w vire w detounen w
fè viris gentan blo w
san w pa jwi vi kretyen w

Wa gen tan ak lizay
se kom let ak sitwon
sitou lè l wè w gen fay
la fè w vag sou siyon

Wa gen tan pa tan pa w
wa gen tan se tan dyab
prese vit jwenn papa w
jan pa pa w charitab

Wa gen tan pa tan w frè m
si w vle viv nan lapè
si w vle kwè m ou me t kwè m
wa gen tan te fè m pè

Pa koute wa gen tan
wa gen tan pa lavi
si w vle viv reyèlman
prese vit jwenn Jezi.

Le Beau Frantz
Tout dwa rezeve, SEPTANM 2006, BOSTON

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.