Friday, September 29, 2006

KE` M

Kè m se kè m ti lami
se kè moun kap soufri
kè timoun sou granri
ka p domi akwoupi

Kè m se kè m ti papa
ke` moun ki nan traka
moun ka p chare rara
pou kwape movezfwa

Kè m se kè m kè m kè m net
kè pa m paka nan trèt
se kè moun ki onèt
kè moun ki gen tèt drèt

Komkwa se kè soley
soley ki pa sèkey
ka p mache simen dey
tout vye dey san parey

Kè pa m se kè manman
kè manman matisan
ka p gade lèpasan
douvan pil merilan

Kè pa m se kè respè
respè pou moun bèlè
ka p manje mouchavè
sou konsyans lavi chè

Kè pa m se kè lanmou
lanmou pou jouk li jou
pou timoun lanmandou
dlo bwote douvanjou

Kè pa m paka chanje
chanje kè m se peche
menmsi kè m ap rache
kè m se kè m grasadye

Si kè pa m pa t kè pa m
mwen mande m ki ta p ka m
isiba kote vwa m
toupiti anba zam

Men pliske kè m se kè m
map toujou kenbe fèm
sa pa gade m zafè m
paske se kè m ki fè m.

Le Beau, FRANTZ
tout dwa rezeve, DAWOUT 1995, AYITI

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.