Friday, September 29, 2006

ALATRAKAPAPA !

Ga d soulye ga d soulye
ga d soulye ka p babye
epitou grasadye
si se pou pye gen pye

Ga d soulye ka p kanni
sou granri mezanmi
epi soley midi
ap fe` pye pran kouri

Pou sa m wè tèt zotey
ap sibi kafoufey
ga d soulye san parey
ga d zotey ki andey

Ga d soulye monkasen
ga d soulye pyèkaden
gade bot meriken
ga d zotey ka p senyen

Pou sa pikankwenna
ap fè pye nan breya
ga d soulye woujgrena
ka p kriye nan mouchwa

Pou sa m konnen Aryòs
pran anba tetanòs
ga d soulye ka p pòs
ga d zotey ka p fè sòs

Pou sa m konen lifèt
ap sibi fonvèrèt
ga d pobef sou kabret
ga d soulye nan bifèt

Ga d soulye ga d soulye
gade botdesanlye
ga d soulye ka p babye
pou rete san mete

Ga d soulye bò isit
ga d pye moun nan rankit
tande ri klougagit
ga d kouri ti sourit

Tande kout ri lanmò
men lanmò fi n wè mò
pou pye timoun sou fò
ka p mache san ranfò.

LeBeau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, JEN 1998, AYITI

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.