Wednesday, June 25, 2008

Ti cheri

Lè m gade w ti chouchou
andire m wè m vle fou
ou tankou w rapadou
ka p bouyi kay lanmou

Lè m gade w ti kòmè
fò w ta di m wè grandè
m wè soley m wè m lanmè
yon tranch syè l sou latè

Lè m gade w m vle vole
fò w ta di w sèpantye
vòltije al tonbe
jouk savann dezole

pou antò wi m antò
mwen mande w chans ankò
pa kouri change bò
pou w kite m ak lanmò

Zipimbow mwen ta di
bèl souri m ta souri
si m ta wè m ta pèdi
nan fon kè w ti cheri

wi ala tijoudlan
mwen ta fè timanman
si m ta wè m angranjan
sou tete w pou letan

Frantz Le beau

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.