Thursday, October 12, 2006

LESENTESPRI

Ede m wete m anndan m
pou w ka byen layite w
mwen kòm santi yon nan m
ki vle wete m sou je w

Pafwa m tèlman wòklò
mwen wont kom yon limyè
yon moun ki kòm abò
pou fè lòt moun wè klè

Kom moun ou te triye
mwen kòm manke sajès
malgre pawòl pale
mwenmenm mwen andètrès

Ede m wete logèy
anndan m tanpri papa
ou menm ki fè mèvèy
nan moun ki gen lafwa

Mwen ta renmen toujou
rete anba pouvwa w
paske pa gen lanmou
ki plis ke lanmou pa w

Ede m bliye kèk dwa m
pou m ka rete nan pye w
olye pou m pran m pou wa m
pandan ma p jwi bonte w

Pa kite se mwenmenm
ka p chwazi lefiti m
men fè se oumenm menm
ki pran kontwòl lavi m

Pran petri m abite m
tanpri lesentespri
pou lòt moun ka p gade m
wè prèv mwen konvèti.

LE BEAU, FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, Jen 2006, BOSTON

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.