VERITE
Prejije
negriye
debake
fann an de
arete
depote
transplante
fouraye
boukante
etanpe
estwopye
anchene
maltrete
bourike
andete
anclave
se Bondye !
se pa vre .
LE BEAU FRANTZ
TOUT DWA REZEVE, DAWOUT 2006, BOSTON
Mwen Se Frantz Le Beau. Tankou "Maximo" youn nan gwo kokennchenn komedyen ayisyen te di " Le Beau ou konnen non w se pi gwo powem ki egziste". Mwen fet potoprens san pale twop franse matisan set nan fouk madan breya. Mwen marye avek Lucienne Cazeau ki se yon ansyen etidyan syans ekonomik fakilte dwa potoprens. Mwen gen twa pitit : Mustapha, Sephora , Hassan. Epi tout moun di "ti powem mwen yo gen bon ti gou. kite m tann mo pa w fre`m . Le Beau
No comments:
Post a Comment