Friday, September 29, 2006

SA W VLE M FE`

Se pa vle m pa ta vle
al savann dezole
men se lè m wè m rive
pou m paka we` sedye

Mwen ta bwè w akasan
byen sikre angranjan
men rive matisan
mwen jwenn manletan

Mwen ta monte kafou
al gade gwo foufou
tout ti pechè fi n fou
depi sou agawou

Mwen ta monte bèlè
al gade tet palè
akoz de twòp pou tè
bèlè tounen w lanfè

Mwen ta va l sivadye
al bwè dlo kokoye
rive mòn karate
mwen ka paka monte

Mwen ta va l fè w lesiv
sou platon gonayiv
men lè ma p swiv bon swiv
tout riv aladeriv

Mwen ta monte okap
al bay grandou m zikap
menmsi m ta fè yon chap
bri zam se klapklapklap

Mwen ta desann okay
al bwè w bon patinay
rive dèyè pòtay
se bal ka p fè chantay

Mwen ta monte siyon
al bay priyè m koupyon
rive anba tapyon
yo ka krible m ak plon

Mwen ta pran w kamyonnet
al chwe jouk fonveret
si m jwenn ak lafayet
li ka fè banm kout dwet.

LeBeau, FRANTZ
Tout dwa rezeve, DESANM 2005 ,BOSTON

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.