Thursday, September 28, 2006

LANMOUSANFINI

Lwen lanmou w se rayi
lwen lanmou w se manti
lanmou pa w Jezikri
se lanmou pou lavi

Lanmou anba isit
se lanmou ipwokrit
se lanmou fomanmit
nan mache chirepit

Mande Viktò Igo
li di w kazimodo
chekspi fi n awoyo
li di w se womewo

Mande Ozwaldiran
choukou n te gen bel dan
komkwa se akasan
kay madan cheridan

Fedinan Izabèl
ala bèl sa te bèl
epoutan te gen rèl
kay madan makorèl

Pou sa mwen wè lanmou
ap sibi gran kalfou
fo w ta di rapadou
anba pat lougawou

Pil maryay sou maryay
dlo bwote sou potay
sou konsyans tripotay
medizan moun lakay

Mwen ta renmen konnen
sa k fè lanmou w se`ten
sa k fè lanmou w donnen
lannwit kou lajounen

Mwen ta renmen mande w
eske lanmou w se ve w
eske lanmou w kreye w
pou w vle menm sa k pa vle w

Mwen ta renmen pou di m
pouki lanmou w zanmi m
sa k fè lanmou w chwazi m
pouki l sove lavi m.

LE BEAU,FRANTZ TOUT DWA REZEVE, AVRIL 2006, BOSTON

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.