Friday, September 29, 2006

BONDYE K KONNEN !

Dayè mwen pa Bondye
epi tout po m make
mwen pa fouti bliye
sa m pran sou negriye

Pou dat ma p pwonmennen
chache kouman m siyen
mwen pa fouti konnen
tèlman m derasinen

Yo pran m rele m lebo
e m pa moun fontennblo
ni m pa zansèt didwo
ni m pa zansèt malwo

Yo pran m fè m tonbe li
tout vi polvaleri
tout vi lavil pari
soti sou tan lanpi

kèkfwa lespri m ri m
pou jan mwen defini m
nan jan m ekri pwezi m
nan jan m dekri Jezi m

komkwa m se w blan anba
yon blan konsakonsa
yon blan djabavadra
yon blan anboulatcha

Batistè m nan bifèt
gran papa lafayèt
mwen kom bliye jou m fèt
mwen kom bliye m anfèt

Sanble limanite
sevre m san bann tete
pou janm depeyize
nan savann dezole

Mwen pa p mande mouri
mouri pa zèv lavi
epi Bondye pa di
moun fè vye zak enpi

Mwen pa bwale layè
layè se pa vètyè
epitou pou dayè
yo tout te siyatè

Mwen pa p mande anyen
pou bèf yo fè m trennen
malgre m tounen w defen
pandan ya p galonnen

Kom Bondye se jistis
nan bon jistis san vis
mwen pa p rayi ojis
menm pa p bliye nonplis.

Le Beau
Tout dwa rezeve, 23 DAWOUT 2005, BOSTON

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.