Tuesday, June 24, 2008

Tanpri sè m

Tankou briz bò lanmè
Ala w dous tikòmè
Kou zwazo grankalfou
Ala mou ti men w mou

Zipimbow mwen ta di
Ala mè m ta ranni
Si m ta wè m bò kote w
ap manyen ti plim je w

Ata menm lakasyèl
pa anyen pou jan w bèl
Andire m wè m bwale
Nan lespas jwenn Bondye

Tanpri sè m ban m lanmen
Pou demen m ka sèten
Tanpri sè m ban m lanmou
Pou m ka viv pou toujou

Frantz Le beau

No comments:

Blog Archive

About Me

Le temps m'aime. Il me moule a sa guise. Il fait de moi un poete pour pleurer avec lui.